Message from Kanada

Return to Message Board.

Pitit Ginen - Jan 1 2004:

Jwèt pou nou

2004 sa a fè 200 zan tapan
Depi tout yon nasyon nan tenten
Ajenou nan priye Sen Denden
Gen nèg ki di n "Endepandan"
Piske gen kèk tèt ki sot nan chenn
Se sèl espwa pou lavni Ayiti
Nan fòme yon jenès ki damou s ak pou li
Nan travay pou yo dechouke devenn
Nan goumen pou lavi miyò
Nou pati pou yon lòt 100 mèt
50 lòn pou anpil tèt libere nèt
50 blòk pou solèy leve lavil kou andeyò
2004 sa a te dwe yon gwo konbit
Nan mete baz pou (3004) twa mil kat
Men kat yo fenk kare mal bat
Sot nan Sid jouk Latibonit se yon lit
Ann sispann pete tèt nou
Pa gen anyen la a pou n afiche
Chalè mizè toupatou ap krache
Jou fin bare n anba mapou
Travay la mande bra ak konsyans
Gen youn pa gen lòt
Ann pa pale radòt
Pichon an pa ton Sam ni tant Frans
Kisa nou ye menm?
Tèt k ap panse ?
Oswa bouch k ap ranse?
Pouki 200 zan, anyen an menm?
Swete larezone chak ane
Pa ranje anyen nan kalvè Satene
Ann montre nou serye
Ann jire n a p met Ayiti sou pye!!!

Pitit Ginen.

Mwen jire pou m tounen Ayiti
Al bay kout men nan longè mwayen-m
Kit loray, kit lapli
Anyen p ap kraponnen-m.

Pitit Ginen.