Ayiti cheri
pi bon peyi pase ou nanpwen
Fòk mwen te kite w
pou mwen te kap konprann valè w
Fòk mwen te manke w
pou m te kap apresye w
Pou m santi vreman
tout sa ou te ye pou mwen
Gen bon solèy
bon rivyè e bon brevaj
Anba pyebwa
ou toujou jwenn bon lonbraj
Gen bon ti van
ki bannou bon ti frechè
Ayiti Toma
se yon peyi ki mè chè
Lè w lan peyi blan
ou gen yon vye frèt ki pa janm bon
E tout lajounen
ou oblije ap boule chabon
Ou pakab wè klè
otan syèl-la andèy
E pandan si mwa
tout pyebwa pa genyen fèy
Lan peyi mwen
gen solèy pou bay chalè
Diran lane
tout pyebwa ap bay lonbraj
Bon briz de mè
toujou soufle sou no plaj
Ayiti Toma
se yon peyi ki mè chè
Kon w lan peyi blan
ou wè tout figi yon sèl koulè
Lanpwen milatrès
bèl marabou, bèl grifonn kreyòl
Ki renmen bèl wòb
bon poud e bon odè
Ni bèl jenn nègès
ki konn di bon ti pawòl
Lan peyi mwen
lè tout bèl moun si la yo
Sòti lan mès
ou sòti lan sinema
Se pou gade
se pou rete dyòl lolo
A la bon peyi
se ti Dayiti Toma!
Lè w lan peyi blan
ou pa wè mango ni kòk di tou
Lanpwen sapoti
ni bèl kayimit vèt ou vyolèt
Lanpwen zanana
ni bèl ti pòm kajou
Ki ban nou bon nwa
pou nou fè bon ti tablèt
Ou jwenn zoranj
ki soti an Itali
Men qui fennen
qui toujou mwatye pouri
An Ayiti
sa si bon se koupe dwèt
E sou se rapò
nou bay tout peyi payèt
Lè w lan peyi mwen
kote ou pase tout lon chemen
Se bonjou kompè
e makomè e pitit la yo?
Sa'n pa wè konsa
manyen rentre ti bren
Pou'n bwa ti kichoy
pou nou jwe de ti kout zo.
Fin bay lan men
se rentre lan gran pale
Se politik
se movèz sitiyasyon
Sa pou nou fè
se pou nou pran li kou l ye
Men bon Dye si bon
la ban nou benediksyon
Lè w ou lan peyi blan
ou pè promennen nwit tankou jou
Tout moun pè mache
prese prese wa di se chen fou
Kote yo prale
pouki yap kouri konsa?
Yo pè pèdi tan
yo pa janm di: kouman sa?
Lan peyi mwen
moun pa rete avek lè
Genyen libète
ou gen tan pou pran frechè
Kote ou pase
se bonjou se bay lan men
Moun pa janm prese
yo koze tout lon chemen
Lè w an Ayiti
ou pa janm manke tan pou soufle
Sak pa fèt jodi
ou kap fè li demen si ou vle
Kan demen rive
kel bon ou kel pa bon
Sa pa fè anyen
tout moun konn di bon dye bon.
An Ayiti
moun pa janm dezespere
Nou gen la fwa
lan yon Dye ki pa janm manti
Nap fè jodi
kan demen pa asire
A la bon peyi
o mon Dye, se Ayiti!