Pwofèt Jozèf afiche mesaj sa, jou 03 Novanm 1999 a 11:40:04:
Mwen voye yon gwo kout chapo pou tout potorik gason k ap mennen gwo kokenn chenn batay pou rive bay lang ayisyen-an plas li nan lekòl ak nan tout lòt aktivite ki viyonnen lavi an Ayiti.Lalwa ak konstitisyon peyi d Ayiti ban nou dwa pou nou fè lang nou an vanse nan tout esfè. Men nou manke liv ak materiyèl pedagojik.
Mwen ta renmen lanse yon apèl pou tout anseiyan,lengwis e latriye ki enterese pou fe vanse lang ayisyen-an pou yo ta koumanse tabli yon gwo konbit pou blayi liv ak materiyèl eskolè pou ansèyman nan kreyòl ayisyen ta drape tout klas nan lekòl ak inivèsite.
Kwèlye-a mwen gen yon diksyònè sinonim ki nan kouti.Li gen pou'l parèt nan yon mwa konsa.Si li deja genyen yon diksyònè sinonim nan lang kreyòl ayisyen ki ta disponib mwen ta renmen genyen referans nesesè sou sa.
Yon gwo mèsi pou tout frè ak sè mwen yo.
Pwofèt
Montréal
Repons:
- Re: Materiyèl pou apwantisaj lang ayisyen-an Pwofèt Jozèf 03/11/99 (0)