FOWÒM AYISYEN (Mas 1998 - Desanm 2002)
| Peyi a | Lang la | Lasosyete | Fouye |
Mèsi mil fwa, Widy! Mwen pa kapab di ou konbyen mwen apresye atitid ou e tout kontribisyon w yo sou Fowòm Ann Pale a. Ou pwouve nou tout se frè (Gwadloupeyen, Matiniken, Kiben, elatriye) e nou kapab simonte tout kalite obstak pou nou kominike. Kenbe fèm, kontinye mache ansanm avèk nou.
Mèsi Padel, Mèsi Jaf pou remak yo! Mèsi Jonas, Serge, sè Marilyn, Bouli, Jean-Marie Beaudouin, Vedrine, Balendjo (bon Pitit Ginen),
Nènè (Doktè Monsanto),
Lionel Hogu, Edner Saint-Amour, Tibo, Manzè Zili, Kaptenn Koukouwouj, François-Marie, Jude Gardy, Matheanpiray, Jack Speese,
Joseph Prophète, Jean Robert Placide, Hugues St. Fort,
Michel Degraff, Nikola Andre, Roody, Sylvain, Sitizenn, Dahoud, Lunine ak tout lòt manm REKA
ki te ofri solidarite yo, e san bliye tout lòt patisipan ki te pote kontribisyon yo nan brase lide sa k ap fèt depi prèske 4 lane, mwen salye nou
e remèsye nou. Mwen mande pou nou tout fè yon jefò espesyal pou pase dyalòg la nan yon nivo siperyè pou byennèt peyi a.